Home Ayiti Chéri Haitian Creole Conference – Carl Fombrun

Haitian Creole Conference – Carl Fombrun

0



KAL FONBREN
KEYNOTE SPEAKÈ
KONFERANS LIBRERI MAPOU
MIYAMI, FLORID
Dimansh 24 Fevriye 2008

Bonswa la sosyete. Bonswa tout moun, Bonswa monkonpè, bonswa makomè. Onè-respè pou tout moun. Tout moun se moun.

Jodi-a gwo dimansh 24 fevriye lane 2008 sa-a nan Libreri Mapou, mwen pral reviv yon pil souvni pèsonèl, ak kandidatu yon jenn nèg, yon san mele, yon milat, Barack Obama, pou prezidan peyi meriken. Mwa fevriye se celebrasyon mwa la ras nwa kay tonton Sam. Kon Masèl Aleksi prezidan CACEC mande-m pou mwen voye moute ak istwa la ras nwa nan peyi d-Ayiti, epi pataje podium la ak pwofesè istoryen Jan Klod Exulien, tout moun konnen kon mèt Zen,mwen pwal fouye dyakout mwen fon epi ban nou kèk ti esperyans pèsonèl sou Black History styl ayisyen ak styl meriken pou mwa fevriye sa-a lane 2008. Jan ekriven franse Anatole France te konnen di: Sa nou konnen miyo se tèt nou, se sa nou viv, e se sou sa nou ka fè pli bon repotaj.

Lè mwen wè potre grann Barak Obama ak 86 lane sou tèt li nan peyi Kenya, manman papa li, sa raple-m gran tant nwa pa mwen ki te rele Madan Cecile Dona e ki te viv preske 100 lane. Li pat jan-m gen pitit. Sete sè granpapa’m bo kote manman’m. Tant Cécile te gen mwayen men li pat renmen otomobil. Chak maten nan vil Potoprens li te konnen cikule a pye, abiye tout an nwa, rèd kon yon ke makak ak yon parasol nwa pou bare solèy. Tant Cécile te genyen yon komansman bab ak moustash ki pat parèt e lè li te konnen bo mwen, sa te grate figu-m, men, mwen te toujou pare an ti gason akrèk pou mwen te recevwa kèk tcho tcho nan men li.Granpè m, fwè tant Cécile, papa manman’m, Doktè St. Léger Perrier, sete yon nèg nwè save vil Miragoane ki marye ak yon fanm kateronn, desandant blan angle e se konsa eritaj rasyal maman-m preske menm jan ak pa Barak Obama, mwatye blan, mwatye nwa. Men, rezilta rasyal sa yo se toujou yon lotri: Manman’m soti ak cheve mayi e li te pi klè pase Obama, 50 kob ak 2 gouden kon demi sè Obama, Maya Soetoro-Ng, kape viv nan vil Honolulu, Hawaii.

Manman-m vin marye ak papa-m ki te yon katron e se konsa mwen soti jan mwen ye jodi-a. Sa se yon lot lobèy. Kidonk, rasin shire pit pwoblèm ras vini double ak voye moute diferans koulè sou planèt la, tou specifikman nan peyi d’Ayiti ak pitit yon menm nasyon.

Granmè blansh mwen-an, madanm doktè St. Léger Perrier, manman manman-m, mouri tou jenn ak mwens de 50 lane sou tèt li e li te kite 2 sè, tant Claire ak tant Lily ki viv preske 100 lane chak. Alos, mwen te grandi ak yon gran tant nwa, tant Cécile, sè granpè mwen, epi 2 grantant klè, sè granmè mwen. Mwen paka di vreman nan ka pa m te genyen pwoblèm ras ak koulè nan anvironman mwen ta-p viv la nan peyi d’Ayiti, men, si pou mwen pale tèt kale avè nou se pou mwen aksepte mwen te konnen tande, an ti gason zenkè, granmoun pale, et te gen yon sot de preferans pou koulè blan an, pour ras blansh la. Se eritaj kolonial la ki ta-p kontinwye e nou tout konnen ki poko fini mouri jis jounen jodi-a nan peyi d’Ayiti ak lot kote sou latè, ki vle di an dous: Si ou blan,ou bon, si ou bren nou ka fè pa-w, si ou nwa fè bak. Nan peyi d’Ayiti te gen tout kalte non pou koulè moun: katron, milat, grif, marabou, grimo, etecetera era. Anpil blan nan gran peyi kon Etazini, Lafrans, Langletè e la triye te genyen yon ti souri e te two kontan wè divizyon sa yo ak yo menm sèl kok ki ta-p chante.

Mezanmi, apre yon tan se yon lot. Depi zig nan tan anpil batay fèt pou la ras nwa ak anpil blan ki te pote kole avè li, men, vre revolusyon pou egalite ras yo fleri, koumanse lane 1960 ak pwemye citwayen nwa, blan meriken fini pa respekte e ba li oshan, sete Doktè Martin Luther King, Jr.

Nan la vi chak moun gen de dat ki make nanm nou. Granmèt la pèmet mwen viv lontan e youn de dat sa yo ki make-m se 4 avril lane 1968 lè yo asasinen doktè Martin Luther King junyo. Kèk jou anvan sa mwen te recevwa Dr.King nan kapasite-m kon yon reprezantan Eastern Airlines yon liy aviasyon nan La Guardia airport vil Nouyok, ki koulye-an fè fayit. Lane 1960 rive pou lane 1968 mwen te travay pou plizyè liy aviasyon, aeropow Kennedy ak La Guardia nan vil Nouyok: Swissair, Air France, TWA, epi Eastern Airlines. Se te yon responsabilite ak yon privilèj pou mwen te voye moute ak pèsonalite ki te nan politik, nan cinema, nan spow e la triye. Mwen kontwe ak prezidan meriken Richard Nixon, mwen kontwe ak Nelson Rockefeller, gouvènè Nouyok, mwen kontwe ak twa fwè Kennedy yo John, Bobby, ak Teddy. Men, sa ki te fè m plis plezi se nan cikonstans mwen recevwa Doktè Martin Luther King Junyo nan aeropow La Guadia, vil Nou Yok.

Koumansman mwa mas lane 1968, doktè King te rive vil Nouyok soti vil Washington, e li ta prale nan vil Memphis, peyi Tennesse kote li ta pe sipote grèv travayè ki te konn ranmase fatra nan vil la e la plipa ladan yo sete travayè nwa ki te vle recevwa plis tcho tcho.

Doktè King te kanpe pou kont-li nan aeropow Laguadia ape tann yon zanmi pou ba li yon wou lib. Mwen ale jwenn doktè King e mwen ofwi li pou mwen te mete-l nan yon salon ki te rele VIP room kote mwen te abitwye mete gwo blan yo. Dr. King te genyen 39 rekolt kafe e mwen te genyen 36 . Doktè King aksepte ak anpil imilite envitasyon-m la et mwen mennen li nan salon VIP konpayi-a kote mwen rete avè li pou yon bon 20 minut konsa. Apre sa, mwen di doktè King mwen ta fè li konnen lè chofè li ta vin chèche-l e mwen retounen nan pye travay mwen. Kè-m te kontan, mwen te pale ak nèg save sa-a ki te genyen gwo pwi Nobel Lapè-a.

Mezanmi, plezi sa a pa ta-p dire lontan. Yon gwo direktè blan konpayi an vinn jwenn mwen e li mande-m ki nèg nwa sa a mwen te mete nan VIP room li. Mwen reponn sete Dr. Martin Luther King junyo ki genyen pwi Nobel la Pè an, youn de pli gwo onè sou latè. Direktè an reponn mwen “Kal, ale di Doktè King bat dèyè li nan salon-m. Mwen pa janm tande pale de li.” Mwen reponn li; “ Mon chè direktè, se vre ou se patron e ou gen dwa gen moun ou vle nan salon VIP’w la men, koute’m byen, se pa mwen wa-p jwenn pou wete doktè King nan salon VIP an, paske se mwen ki te envite li vini. Direktè a gade- m e li di-m: “ Alos ou refize obeyi yon lod mwen ba wou? Mwen reponn li: “Sa se pa yon lod se yon dezod”, e mwen vire do-m ba li. Pou-m fini istwa sa a yo pa jan-m retire Doktè King nan VIP room la e lè yo vinn chèche-l mwen al prevni li. Sete pwemye e dènye fwa mwen ta janm wè li vivan.

Kèk semen apre yo te asasinen doktè King. Jou sa-a tout travayè nwa ki ta-p pote malèt nan avion yo nan aeropow Laguadia pa vin travay e malgre yo te mande-m pou mwen te kale wès lakay mwen, mwen ale travay, paske mwen pa-t genyen sendika pou pwoteje-m menm jan avè yo, e zot ta pran bot mwen. Exekitif sa a ki te vle wete Dr. King nan salon VIP a vini pou ban mwen lan men e prezante-m kondoleans li. Li pantan lè mwen kite men li pandye nan lèzè e mwen pa bali van santi. Vil Nouyok, Washington, Kalifoni kote moun nwa te konsantre ta-p pran dife.

Depi mwen rive lane 1947 kay tonton Sam mwen te toujou gaye pou diskriminasyon ki te makonen tèt li sou moun nwè nan peyi isit. Mwen ta blije tann 13 lane pou mwen te ka pastisipe pou dwa sivil pou tout moun, ak doktè King e la triye. Mwen te vin byen ak anpil lidè mouvman an kon Stokely Carmichael, Malcom X, Madanm li, epi Dick Gregory ki te renmen rele’m “Brother Carl.”

Anvan pasaj pou dwa moun nan kongrè meriken lane 1964 anba prezidan demokrat Lyndon Baines Johnson, lane 1950 yo, sèl lotel nan vil Miyami ki te aksepte moun nwa sete Hotel Columbus sou Biscayne boulva. Li pa la anko. Restoran, cinema, menm kèk twotwa laru te separe pou blan ak nwa. Apre 6 zè du swa si yon moun nwa pa-t genyen yon pèmi ekri, li pa-t gen dwa soti vil Miyami pou li te ale vil Miyami Beach. Sete la lwa. Otorite yo te ken dwa kofre li.

Lane 1950 senatè ayisyen Louis Déjoie yon nèg lelit peyi d’Ayiti te nan yon chire pit ak la polis vil Miyami Beach. Dejoie te ale vizite yon zanmi blan lè vwazen yo rapote lapolis Miyami Beach te genyen yon nèg nwè ki ta-p cikule nan katye-an apre sizè du swa. La polis anvayi kay la e yo mande blan-a, zanmi Dejoie, de ki prevyen? Yo di li Dejoie pa-t gen pèmi ekri pou li te cikule nan vil Miyami Beach apre 6 zè duswa. Lè bot sire lapolis yo aprann kilès moun senatè Dejoie te ye, yo kase fèy kouvri sa.

Batay la a pe kontinwye sou latè pou egalite tout ras. Apre 40 lane Doktè King mouri se posib pou peyi isit ka genyen yon prezidan nwa. Sa ta yon bèl bagay pou tonton Sam men sa pa vle di blan ak nwa ape tete lang youn ak lot nan peyi isit. Pwoblèm chire pit blan ak nwa pa janm vreman rezoud nan peyi meriken, men rayi chen di dan l blansh, malgre tout sa nou tande, depi dènye 50 lane yo, nan pwen oken lot peyi sou latè ki fè plis pwogrè nan relasyon ras pase ETAZINI D’AMERIK. Sa se la verite e se pa bonda nini.

Sa doktè Martin Luther King Jr. te mande lane 1963 poko vreman vle realize, pou peyi meriken: “Pa jije pitit mwen pou koulè po yo men sa yo genyen nan dyakout yo, sa yo ka ofri limanite. Pwoblèm ras la toujou la, rèd kon ke makak menm jan ak yon pwoblèm klass, blan ak blan, nwa ak nwa, e la triye.

Jodi a, lane 2008, Barack Obama, pitit yon nèg nwè ak yon fanm blansh genlè pwal fè la tè twanble nan peyi Washington la. Lane 1986 Pap Jean-Paul II vizite peyi d’Ayiti e ak yon grenn fraz li te bay, FOK SA CHANJE, diktatu Duvalye an te blije bay lari a blansh. Se sa ka-p pase koulye a nan peyi meriken. Barack parèt ak yon slogan CHANJMAN NOU KA KWÈ.

“Jij jije-m byen, pa jije-m isit, pa jije-m lot bo, jije-m la.” Lane 2003 mwen te di nan radio Barak Obama ta pral yon jou prezidan peyi meriken. Sa fè deja 5 lane mwen te di sa e ayisyen ki renmen George W. Bush, ki te gen vizyon kout, te deklare lè sa a mwen te fin fou. Jouva, jouvyen.

Jodi a se kandida Obama ki kapab pote yon chanjman pozitif pou tout moun. Wi, li kapab. Jwèt la chanje. Li pa yon kandida nwa pou prezidan, li pa yon kandida milat pou prezidan,li pa yon kandida blan pou prezidan. Non li se senatè Barack Obama anpil jenn votè renmen, anpil blan ak nwa, fanm kon gason renmen, ki wè kapasite-li pou li dirije pli gran peyi sou latè. E chanjman li vlè fè yo pou koumanse nan rasin rive nan tèt mapou-an. Se sovè sa-a anpil citwayen te wè lane 1968 lè Bobby Kennedy te kandida anvan yo asasinen li. Depi lè sa-a, apre prezidan Clinton, peyi isit ape degrengole.

Barack Obama se yon prens, se pa yon desandan esklav. Nou ka gade-m dwol lè mwen di sa men papa li pa te sibi lesklavaj nan kontnan Lafrik, e se La Barack Obama Senyo fèt e li grandi. Barack Junyo non plis pa genyen mentalite esklav e li genyen vizyon. Nou konnen pwofèt Moise se te pitit esklav men li grandi kon yon prens nan peyi Egypte. Moise pat pè antre nan palè pharaoh yo paske li te deja viv ladan yo. Pwofèt Moise te konnen vire lang li byen e li te mande pharaoh yo pou libere 600,000 esklav. Moise pat pè reve, li pat pè gen espwa e li resi libere esklav yo. Genlè Barack se yon prens menm jan. Harriett Tubman yon poto mitan fanm nwa nan listwa peyi meriken ki yon jou te libere anba shal 500 esklav, deklare: “Mwen ta ka libere plis men anpil ladan yo pa konprann se esklav yo ye.”

Pou la pwemyè fwa depi John F. Kennedy te prezidan lane 1960 pati demokrat la genyen yon kandida ki chaje ak prezans, vizyon, epi kapasite pou li koute anvan li pran pozisyon. Si Obama rive prezidan lespwa fè viv. Mwen kwè la ka ranje tout sa George W. Bush deranje nan peyi isit ak lot bo dlo. Moun bouke ak politik kraze zo Bebe Bush la. Barak Obama pou Unite peyi a pou demokrat, repibliken ak endependan. Se eleksyon ki pli enpotan depi lane 1960 e tout citwayen fèt pou ale vote ane sa a.

Mwen te yon jenn gason lè Kennedy te prezidan: Pa mande sa peyi nou ka fè pou nou, mande sa nou ka fè pou peyi nou. WI NOU KAPAB anko: blan, nwa, jonn, wouj tout koulè. Ras ak koulè pa dwe sis fwa sa-a ak politisyen blan ak nwa ka-p pran avantaj pou pete pèp yo. Sa ki pli enpotan se pou jistis fèt pou tout moun kelke swa moun ki rive kon prezidan, Obama ou byen Hillary. Nou chak nou bezwen yon Barak Obama nan vi nou, pa pou koulè po li, men pou sa li genyen nan tèt li, nan kè li pou tout moun ka fè yon kout kwiyè. E si se Hillary ki koupe zèb anba pye Barack ane sa-a an nou pote kole avè-li. Prezidan Clinton sete you gran prezidan e mwen genyen anpil respè pou li, men, mwen pèdu afeksyon mwen te gen lontan pou Bill Clinton, lè li deklare se moun nwa sèlman ki ta vote pou Obama. Jouva jouvyen.

Nou pa konnen sa ki ka rive denmen: Nou wè zot te asasinen prezidan Kennedy; nou wè zot te asasinen fwè li Bobby Kennedy, zanmi mwen; nou wè zot te asasinen doktè Martin Luther King Junyo; nou wè zot te asasinen Malcom X paske tout lidè sa yo te vle yon peyi miyo pou majorite moun. Mwen pè pou Barack Obama men, nou paka tout tan a pe viv nan la twanblay. La pè ak Granmèt la pwal kaba. Pito nou mouri kanpe, pase nou mouri ajenou tout vi nou. Mande Granmèt la padon magouy ta fèt pou Obama pa pase kon kandida; mande Granmèt la padon si Barack ta pase kon prezidan e kèk tilolit, malfektè, sanzave ta asasinen li menm jan yo te koupe souf prezidan Kennedy, Bobby, epi Doktè King. Mezanmi, mwen pa vle gen boush kabrit, men revolisyon lane 1789 rive pou lane 1799 nan peyi Lafrans ta jwèt ti moun nan peyi meriken, e se nou tout ki ta peye po kase-an.

Yon gran prezidan meriken, Franklin Delano Roosevelt, ki te fè kèk bon bagay pou la ras nwa ak Madanm li, te deklare sèl bagay pou nou pè, se pou nou kite zot fè-n pè. Lane 1945 lè Roosevelt mouri papa-m ki te minis relasyon exteryè peyi d’Ayiti epok sa-a di mwen (mwen te genyen 13 lane sou tèt mwen): “Jenom, koulye an peyi d-Ayiti nan 2 twou: Tru-jillo, prezidan peyi Ladominikani, ak Tru-man, prezidan peyi meriken. 8 dènye lane ki pase yo mwen te toujou deklare tèt kale limanite nan yon twou ak George W. Bush. Li tan pou sa chanje.

Meyè jan pou nou celebre mwa moun nwa mwa fevriye lane 2008 sa-a se pou nou sonje tout sa nou ka fè ki bon pou ras tout moun, pou limanite. Sa pa vle di pou nou domy bliye tout enjistis yo fè nou epi bliye tout moun nwa sa yo ki rive akonpli bon bagay… Mwen pa gen tan pou mwen nonmen non yo. Ansanm nou fow, ansanm, ansanm, ansanm,blan, jonn, nwa, wouj, etcetera era, nou se yon fos pèson pa-p ka rete. An nou vanse pou pi douvan.

KAL

Référence :
Le Coin de Carl
Parlant de Tout et de Rien
Dans un Verbe D’arc-en-ciel

[email protected]
[email protected]
[email protected]
www.fombrun.com
Phone: 305.271.2748